Title Kreyol

Nan ane 2009, ou te ede youMove Massachusetts onivo eta a chèche konnen pwoblèm ou jwenn chak jou nan sèvis transpò (aprann plis sou tèm ki te evolye nan sesyon enfòmasyon toupatou nan eta a). Nan weMove Massachusetts (dezyèm pati aksyon sa a), nou ta renmen tande eksperyans ak bezwen sèvis transpò ou.
Pètèt ou itilize sèvis transpò piblik pou pa peye frè estasyònman anba lavil Boston, oswa pou pa fè depans poutèt ou posede yon dezyèm vwati nan Pittsfield. Oswa pètèt, ou vwayaje nan vwati chak jou sou yon wout ki gen blokis nan zòn Worcester. Pètèt ou jwenn tèt ou depannde lòt moun pi plis lè ou gen enpe plis laj, epi kondi machin vin plis pase yon fado pou ou, oswa kòm yon sous libète paske ou toujou twò jèn pou kondi poukont ou. Kèlkeswa istwa ou, nou mande ou pou fè nou konnen li pou nou kapab konnen plis bagay sou fason ou itilize resous sèvis transpò nou. Nou envite ou pou bay enfòmasyon sa yo. Pou fè sa, reponn kèk ti kesyon (ki disponib tou nan lang Panyòl, Kreyòl Ayisyen, ak Pòtigè), oswa itilize kap konvèsasyonèl nou an (ki disponib nan lang Panyòl ak Angle) pou endike yon pwoblèm oswa yon bezwen espesifik.
Depatman Transpò Massachusetts ap chèche tande eksperyans ak bezwen sèvis transpò ou pou nou kapab fè amelyorasyon.  Kèlkeswa istwa ou, nou mande ou pou fè nou konnen li pou nou kapab konnen plis bagay sou fason ou itilize resous sèvis transpò nou.
Tanpri reponn ti kesyonè sa a k ap ede ou ban nou yon lide sou istwa ou nan sèvis transpò a, epitou ban nou kèk lide pou nou ka pran desizyon pidevan. Ou kapab chwazi tou pou itilize kat konvèsasyonèl ou pou endike yon pwoblèm oswa yon bezwen espesifik.

 

 

 

You Move Massachusetts Logo
Spanish button
We Move Massachusetts website